Song information On this page you can read the lyrics of the song Nanou , by - RichieRelease date: 07.06.2020
Song language: ht
Song information On this page you can read the lyrics of the song Nanou , by - RichieNanou |
| Yo di m' ke tout venn sansib touche kè |
| Hier soir m' dòmi m' reve Marlène |
| Istwa manman Nanou |
| M' konnnen l’ap tande nou |
| Ki twouve Potoprens twò di |
| Fò l' pati pou l’al chèche lavi |
| Li vin Etats-Unis |
| Ranje papye li fè Nanou rantre |
| Nanou rive, li jwenn manmi l' marye |
| Tifi nan laj te gran |
| Li fèk gen 17 ans |
| Manman al travay you jou |
| Bòpè a manyen Nanou |
| Olye manman pwoteje l' |
| Se lage li lage l' pou mari a pa kite l' |
| Tou sèl, li nan lari tou sèl |
| Ak you cyclone nan kèl |
| Sa se pa you bon nouvèl |
| Li pa bèl |
| Ou pito pèdi l' manman |
| Paske w' pat vle pèdi nonm lan |
| Men se sa ki rive, manmi abandone l |
| Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize |
| Paran k’ap ranplase konn moun n’ap frekante |
| Nanou nan lari ap chèche kòb |
| Li kite lekòl al chèche job |
| Se you avni ki gache |
| Manman eske w' tande |
| Pouki se bòpè a ki achte |
| Se Nanou ki peye |
| Lavi des fois pa juste |
| Gad gwosè you injustice |
| Ou pito pèdi l' manman |
| Paske w' pat vle pèdi nonm lan |
| Men se sa ki rive, manmi abandone l |
| Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize |
| Paran k’ap ranplase konn moun n’ap frekante |
| Manman Nanou (Gade sa w kite bòpè a fè) |
| Manman Nanou (Manman Nanou, ala mechan w' mechan) |
| Manman Nanou |
| Nonm lan vyole pitit fi w' |
| Epi w' chwazi l' pou fè vi w' |
| Lè n’ap ranplase moun, konn moun n’ap frekante |
| Manman Nanou |
| Ou mete li deyò |
| Malgre li pa antò |
| Manman Nanou (Ou mechan manman Nanou, w’anraje) |
| Manman Nanou |
| Manman Nanou |
| Manman Nanou |
| Richie 10 ans parfait, bon bagay |
| Name | Year |
|---|---|
| United Road ft. Richie | 2011 |
| Don't Let Go | 2012 |
| Kreyol nou yé | 2020 |
| Supa Richie | 1998 |
| Gen moun li bay | 2020 |